Soutni Moun k ap mande Azil, Refijye, Entèprèt ak Tradiktè Afgan, Ayisyen ak Ikrenyen

/ English / Kreyòl Ayisyen / Русский / Український /

N ap travay san rete pou soutni deplizanpli moun k ap mande azil ak refijye ki soti nan Afganistan, Ayiti, e kounye a Ikrèn, k ap kouri pou vyolans epi chèche sekirite nan lòt peyi vwazen. N ap soutni tou dè santèn entèprèt ak tradiktè k ap travay ansanm avèk yo.

Sa fè sis mwa, nou te rekeyi $9.000 nan kèt zoban. Yon pati nan lajan sa a te pèmèt ekip kreyòl la apiye pwojè tankou entèpretasyon similtane pou òganizasyon dwa moun, entèpretasyon pou evalyasyon sante mantal ak medikal, ak entèpretasyon panyòl-kreyòl pou migran ayisyen nan peyi Meksik. Sa te pèmèt tou ekip lang afgan yo kòmanse fè plizyè santèn èdtan entèpretasyon jiridik pou refijye – rive prèske 500 èdtan nan mwa avril! – epi apiye plizyè milye fanmi afgan. Kontribisyon sila yo ede nou peye entèprèt ayisyen ak afgan nou yo yon salè ki diy pou yo ka ede fanmi yo.

Tanpri bay nou sipò pou ekip afgan, kreyòl, ak ikrenyen yo kapab kontinye fè travay kapital sa a, k ap sove lavi moun, pandan y ap touche yon salè ki jis!

Afganistan ak moun k ap mande azil epi refijye ki sòti an Afganistan

77 000 moun ki sòti nan peyi Afganistan te rive nan peyi Etazini depi mwa dawou pase a. Kòm kounya yo gentan kòmanse entegre yo nan kominote ki nan peyi a, yo genyen sèlman yon lane pou mande azil epi gentan gen yon milye ladan yo ki kòmanse fè sa. Pandan tan sa a, rezidan Afganistan ki toujou ap viv an Afganistan ap rankontre yon ratman pou jwenn travay ki vin bay gwo pwoblèm pou jwenn manje ak medikaman. Kondisyon lavi a anba Taliban yo vin riske anpil, sitou pou entèprèt ak tradiktè yo.

Kontribisyon w ap pèmèt nou kontinye:

  • Sipòte milye moun ki sòti an Afghanistan k ap aplike pou azil nan Etazini.

  • Bay yon salè ki jis epi diy ak entèprèt ak tradiktè Dari ak Pashto k ap viv an Afghanistan ansanm ak sa k ap viv nan lòt peyi k ap sipòte fanmi yo ki toujou ap viv an Afganistan.

Ayiti ak Moun k ap Mande Azil epi Refijye ki sòti an Ayiti

Gouvènman Biden nan te depòte plis pase 20 000 moun an Ayiti epi petèt 8 000 Ayisyen nan Meksik nan mwa septanm 2021 an (kote migran ayisyen yo sibi diskriminasyon kont moun nwa ansanm ak vyolans epi pa gen anpil opòtinite pou yo travay). Biden depòte plis Ayisyen pase twa dènye prezidan yo epi li te kontinye ak Tit 42 a, politik Stephen Miller ki sèvi ak Kovid-19 la kòm pretèks pou depòte moun (ki sanble li kapab resi fini byento). Pandan plis pase de lane, Ayiti ap pase tray anba vyolans nan men gang ak kidnapin, zak asasinay ki vize jounalis ak militan yo, yon kriz konstitisyonèl, yon tranblemanntè ki fè pil ravaj ansanm ak asasinay prezidan defakto Etazini t ap bay bourad la ki li menm viktim vyolans ak ensekirite li te simen an.

Kontribisyon pa w pral pèmèt nou kontinye: 

  • Soutni plizyè milye migran ayisyen nan Vil Meksik la, sou fwontyè Etazini-Meksik la, nan sant detansyon, epi toupatou nan Etazini 

  • Peye entèprèt ak tradiktè ki pale kreyòl yon salè ki jis ak diy, kit y ap viv an Ayiti kit y ap viv Ozetazini 

Entèprèt Pierre Beaubrun pale sou travay Respond nan:

Refijye Ikrenyen

Yo kalkile gen plis pase 1 milyon ikrenyen ak etidyan etranje ki gentan rive nan fwontyè Lapolòy, Lalmay, Woumani, ak lòt peyi vwazen. Wo Komisarya Nasyonzini pou Refijye (HCNUR) prevwa chif sa a pral kontinye monte. Sa nou tande moun ki sou teren an di, pami yo pwòp manm ekip Respond nan, se ke soutyen nan divès lang se youn nan bezwen ki pi fondalnatal pou moun ak òganizasyon k ap akeyi refijye. 

Kontribisyon pa w pral pèmèt nou kontinye: 

  • Peye entèprèt ak tradiktè ikrenyen, ak lòt entèprèt ak tradiktè k ap travay nan premye liy yo, yon salè ki jis ak diy 

  • Asire ke tout moun k ap chèche sipò ka jwenn bon jan aksè lengwistik ki gratis epi ki rann kont de twomatis moun sa yo ap sibi

  • Peye chèf pwojè nou yo ki nan ekip lang Ikrenyen nan, k ap pèmèt yo soutni òganizasyon ki nan premye liy yo ki bezwen sipò lengwistik. Chèf pwojè sa yo ap evalye, oryante, epi fòme dè santèn tradiktè ak entèprèt!

Mèsi pou sipò w! Ou ka kontribye atravè:

Paj kontribisyon Respond
Venmo: @respondcrisis
Cashapp: $respondcrisis